Add parallel Print Page Options

Yo mennen Jezi bay Pilat

(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)

28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[a] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”

30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”

31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”

Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[b]

33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”

34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”

35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”

36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”

37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”

Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.

38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:28 pa t ap pwòp Antre nan kote moun ki pa Jwif yo te ye, sa ta detwi pirifikasyon espesyal Jwif te konn fè pou yo te kapab pwòp ase pou adore Bondye. Gade nan Jan 11:55.
  2. 18:32 Jezi te gentan di se krisifye yo t ap krisifye l pou l mouri, sa se dapre lalwa Women yo, men se pa dapre lalwa Jwif yo. Gade nan Jan 12:32 ansanm ak nòt ki ladan l.