Add parallel Print Page Options

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mat 12:38-42; Mak 8:12)

29 Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la. 30 Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, konsa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a.

31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[b] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.

32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:29 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman. Apre twa jou nan vant yon gwo pwason li te soti vivan. Lè sa a, li te ale lavil Niniv pou l te pote bay pèp la avètisman Bondye te voye.
  2. 11:31 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm pou l tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.