Add parallel Print Page Options

34 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[a] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. 35 Fè sèten ou se yon moun ki ranpli ak limyè olye fènwa. 36 Si ou ranpli ak limyè,[b] epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:34 Zye w reprezante jan w gade moun. Jan w konsidere moun montre tou ki kalite moun ou ye.
  2. 11:36 ranpli ak limyè Gade nan vèsè 34. Yon moun ki ranpli ak limyè se yon moun ki jenere, ki dou.