Add parallel Print Page Options

43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)

Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: 44 “Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” 45 Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.

Read full chapter