Matye 28:1-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)
28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.
2 Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. 3 Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. 4 Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.
5 Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, 6 men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. 7 Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
8 Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. 9 Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10 Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè[a] m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”
Read full chapterFootnotes
- 28:10 frè Nan vèsè sa a, frè vle di “disip”.
Copyright © 2017 by Bible League International