Add parallel Print Page Options

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)

18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”

19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.

20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”

22 Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.

23 Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik finèb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24 Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25 Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26 Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.

Read full chapter